Add parallel Print Page Options

42 Men Bondye vire do ba yo. Li lage yo pou yo kontinye sèvi latriye move lespri yo ki nan lè a. Men sa Bondye te di nan liv pwofèt yo:

Nou menm pèp Izrayèl, èske se pou mwen nou te fè ofrann bèt ak lòt sakrifis,
    pandan karantan nou te pase nan dezè a?
43 Se tant pou nou adore Molòk nou pote pito,
    epi pòtre zetwal ki reprezante Refan
ansanm ak bann lòt imaj nou te fè pou n adore yo.
    Poutèt sa, m ap voye nou al chwe jouk lòtbò Babilòn.[a]

44 Tabènak la,[b] ki se tant Letènèl la, li te ansanm ak zansèt nou yo nan dezè a. Yo te fè l egzakteman jan Bondye te mande Moyiz fè l la, selon modèl Moyiz te wè a.

Read full chapter

Footnotes

  1. 7:42-43 Sitasyon sa a soti nan Am 5:25-27.
  2. 7:44 Tabènak la Literalman, “Tant temwanyaj la”.