Add parallel Print Page Options

44 Tabènak la,[a] ki se tant Letènèl la, li te ansanm ak zansèt nou yo nan dezè a. Yo te fè l egzakteman jan Bondye te mande Moyiz fè l la, selon modèl Moyiz te wè a. 45 Jenerasyon ki te fè tant lan te vin pase l bay jenerasyon ki te vin apre yo a, pami zansèt nou yo. Yo te gen tant lan ansanm ak yo lè Jozye t ap mennen yo antre nan peyi Bondye te pwomèt yo a, lè Bondye t ap chase pèp Kanaran yo devan yo a. Yo te kenbe tant sa a soti nan yon jenerasyon pou ale nan yon lòt jenerasyon jouk rive nan tan wa David la. 46 David te jwenn favè devan Bondye. Li te menm mande Bondye pèmisyon pou l bati yon Tanp pou pèp Izrayèl la.[b]

Read full chapter

Footnotes

  1. 7:44 Tabènak la Literalman, “Tant temwanyaj la”.
  2. 7:46 pèp Izrayèl la Literalman, “mezon Jakòb la” Kèk kopi nan lang Grèk genyen “Bondye Jakòb la”.