Font Size
Travay 7:48-50
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 7:48-50
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
48 Men, Bondye ki pi wo nan syèl la pa rete nan kay moun bati ak men yo. Men sa pwofèt la te di sou koze sa a:
49 Senyè a di: Syèl la se twòn kote m chita,
epi tè a menm se ti ban pou m lonje pye m.
Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen?
Èske m bezwen yon kote pou m repoze pou nou ta ka ofri m?
50 Èske se pa mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men m?”[a]
Footnotes
- 7:49-50 Sitasyon sa a soti nan Eza 66:1-2.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International