Font Size
Travay 7:51-53
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 7:51-53
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
51 Apre sa, Etyèn di lidè yo konsa: “Nou pa manke gen tèt di. Nou fèmen kè nou. Nou bouche zòrèy nou lè Bondye ap pale ak nou. Nou pa janm sispann kenbe tèt ak Sentespri Bondye a. Menm jan zansèt nou yo te ye a, se konsa nou ye tou. 52 Ki lès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo touye tout pwofèt ki te anonse davans kijan Moun ki Jis la[a] t ap vini. Kounye a, nou menm nou leve talon kont pitit Bondye a menm epi nou touye l. 53 Se nou menm ki te resevwa lalwa Moyiz la Bondye te ban nou pa mwayen anj li yo, men nou pa obeyi lalwa sa a.”
Read full chapterFootnotes
- 7:52 Jis la Se yon tit pou Mesi a (Kris), Wa Bondye chwazi a, jan l te pwomèt sa nan Ansyen Testaman an. Gade nan Eza 53:11; Aba 2:4; Zak 9:9; Trav 3:14; 22:14.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International