Add parallel Print Page Options

25 Apre sa, de apot yo rann temwanyaj konsènan Senyè a. Yo pale ak pèp la sou sa Bib la di. Fini yo fini, yo tounen Jerizalèm. Sou tout wout la, yo preche Bòn Nouvèl la nan anpil vil nan tèritwa Samariten yo.

Filip ansenye yon nonm peyi Etyopi

26 Yon anj Bondye di Filip konsa: “Leve! Ale nan direksyon sid, sou wout ki sot Jerizalèm pou desann Gaza a. Wout sa a travèse yon zòn ki dezè nèt.”

27 Filip leve, l ale. Yon nonm ki se moun peyi Etyopi parèt devan l Sou wout la. Nonm nan se te yon enik.[a] Se te yon chèf ki te responsab tout richès Kandas ki te rèn peyi Etyopi. Enik lan te monte lavil Jerizalèm pou al adore Bondye.

Read full chapter

Footnotes

  1. 8:27 yon enik Yon Enik se te yon moun ki te konsakre pou sèvi wa osinon rèn nan pòs kote yo te bezwen moun yo kapab fè konfyans anpil.