Add parallel Print Page Options

40 Pyè fè tout moun yo soti. Li mete ajenou, li priye. Apre sa, li vire fas li bò kote mò a epi li di: “Tabita, leve!” Epi dam nan louvri je li. Lè l wè Pyè, li leve chita. 41 Pyè ba l men pou ede l kanpe. Apre sa, Pyè rele lòt kwayan yo ansanm ak vèv yo, li montre yo Tabita byen vivan.

42 Moun toupatou nan Jope te tande nouvèl sa k te pase a, kon sa anpil nan yo te mete konfyans yo nan Senyè a.

Read full chapter