Add parallel Print Page Options

16 Pou mwen, pa gen wont[a] nan prezante Bòn Nouvèl la. Paske se puisans Bondye li ye, pou sove nenpòt moun ki kwè: pou sove Jwif yo an premye, epi kounye a pou sove sa yo ki pa Jwif tou. 17 Wi, Bòn Nouvèl la montre kijan Bondye bon epi li fidèl jan li fè sa l te pwomèt l ap fè. Li montre kijan fidelite[b] yon moun kapab kondui anpil moun rive nan lafwa. Jan Ekriti Sent yo di a, “Moun Bondye aksepte a poutèt lafwa[c] li, l ap viv.”[d]

Tout moun fè sa k mal

18 Nou wè tou, kijan Bondye montre kòlè li kont tout move zak moun ap komèt devan l. Yo pa gen okenn respè pou Bondye, y ap komèt move zak youn kont lòt. Mechanste lavi yo anpeche moun konnen verite a sou Bondye.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:16 pa gen wont Pòl itilize lide wont isit la paske pou anpil moun nan tan Pòl la, yon Bòn Nouvèl se te yon bagay chokan epi anbarasan. Kòm li di nan yon lòt lèt, yon bagay ki fondamantal nan mesaj la se te “Yo touye sou yon kwa Wa dapre Bondye a.” Li ajoute, “Mesaj sa a se yon pwoblèm pou Jwif yo, epi pou lòt moun sa se yon bagay ensanse.” Gade nan 1 Kor 1:22-25.
  2. 1:17 fidelite Oubyen “lafwa”.
  3. 1:17 aksepte … lafwa Moun Bondye aksepte a, nan orijinal la se “moun ki jis la”. Yo sèvi ak mo jis la kòm yon tit pou Mesi a (Kris), Wa Bondye chwazi selon pwomès li te fè nan Ansyen Testaman an. Gade nan Eza 53:11; Aba 2:4; Zak 9:9; Trav 3:14; 7:52; 22:14; Ebre 10:38.
  4. 1:17 Moun Bondye … l ap viv Sitasyon sa a soti nan Aba 2:4 (Vèsyon Grèk la). Nou ka tradui l nan fason sa a tou: “Moun ki jis devan Bondye poutèt lafwa li, ap sove.”