Font Size
Women 1:17-19
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 1:17-19
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
17 Wi, Bòn Nouvèl la montre kijan Bondye bon epi li fidèl jan li fè sa l te pwomèt l ap fè. Li montre kijan fidelite[a] yon moun kapab kondui anpil moun rive nan lafwa. Jan Ekriti Sent yo di a, “Moun Bondye aksepte a poutèt lafwa[b] li, l ap viv.”[c]
Tout moun fè sa k mal
18 Nou wè tou, kijan Bondye montre kòlè li kont tout move zak moun ap komèt devan l. Yo pa gen okenn respè pou Bondye, y ap komèt move zak youn kont lòt. Mechanste lavi yo anpeche moun konnen verite a sou Bondye. 19 Bondye an kòlè kont yo, paske yo te dwe gen plis konesans, pa vre? Yo konnen tout sa moun ka konnen sou Bondye. Wi, paske Bondye, li menm, li montre yo tout sa aklè.
Read full chapterFootnotes
- 1:17 fidelite Oubyen “lafwa”.
- 1:17 aksepte … lafwa Moun Bondye aksepte a, nan orijinal la se “moun ki jis la”. Yo sèvi ak mo jis la kòm yon tit pou Mesi a (Kris), Wa Bondye chwazi selon pwomès li te fè nan Ansyen Testaman an. Gade nan Eza 53:11; Aba 2:4; Zak 9:9; Trav 3:14; 7:52; 22:14; Ebre 10:38.
- 1:17 Moun Bondye … l ap viv Sitasyon sa a soti nan Aba 2:4 (Vèsyon Grèk la). Nou ka tradui l nan fason sa a tou: “Moun ki jis devan Bondye poutèt lafwa li, ap sove.”
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International