Add parallel Print Page Options

20 Gen bagay Bondye genyen moun pa ka wè: egzanp puisans san limit li ak sa ki fè Bondye se Bondye toutbon vre. Tout bagay sa yo, moun ka konprann yo byen fasil nan sa Bondye fè, depi nan kreyasyon an. Bondye fè yo parèt byen klè nan sa l fè. Se poutèt sa, pa gen eskiz pou pèsòn.

21 Paske, menm lè yo te konnen Bondye, yo pa t ni adore l jan yo te dwe adore l ni di l mèsi kòm sa dwa. Okontrè, panse yo te vin menm jan ak panse moun fou epi lespri yo te egare nèt plonje nan fènwa. 22 Menm lè yo te pran pòz yo saj, se fou yo te fou.

Read full chapter