Add parallel Print Page Options

Bòn Nouvèl la konsène Jezikri, Pitit Bondye a, ki soti nan ras David epi ki te pran fòm yon moun. Men lè Sentespri a[a] resisite Jezikri, Senyè nou an, se yon fason pou l deklare li se Pitit Bondye avèk puisans, pou l gouvène ak tout otorite.

Bondye montre m bonte li pa mwayen Jezikri. Li ban m otorite pou m ale pou m ka fè tout moun nan tout nasyon kwè nan li epi obeyi l. Tout travay sa a, se pou li menm sèl. M fè tout sa pou m fè lwanj pou Kris.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:4 Sentespri a Literalman, “Espri Sentete a”.