Add parallel Print Page Options

Lèt sa a, se pou tout byenneme ki nan lavil Wòm. Bondye chwazi nou pou n ka viv tankou yon pèp ki apa pou li.

Se pou Bondye, papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè nou ban nou gras ak lapè li.

Yon priyè pou di Bondye Mèsi

Premye bagay m ta renmen di se remèsye Bondye pou nou tout, pa mwayen Jezikri. M di Bondye mèsi paske moun tout kote sou latè ap di kijan nou se moun ki gen anpil lafwa. M toujou sonje nou chak fwa m ap priye. Bondye konnen sa m di a se verite a. Se li menm m ap sèvi ak tout kè m lè m ap preche tout moun Bòn Nouvèl ki konsènen Pitit li a.

Read full chapter