Add parallel Print Page Options

Yon priyè pou di Bondye Mèsi

Premye bagay m ta renmen di se remèsye Bondye pou nou tout, pa mwayen Jezikri. M di Bondye mèsi paske moun tout kote sou latè ap di kijan nou se moun ki gen anpil lafwa. M toujou sonje nou chak fwa m ap priye. Bondye konnen sa m di a se verite a. Se li menm m ap sèvi ak tout kè m lè m ap preche tout moun Bòn Nouvèl ki konsènen Pitit li a. 10 M toujou mande Bondye, nan priyè m, pou l louvri yon pòt pou pèmèt mwen rive al lakay nou.

Read full chapter