Add parallel Print Page Options

12 Konsa, pa gen okenn diferans ant moun ki Jwif ak moun ki pa Jwif, paske yo tout gen menm Senyè ki pare pou beni tout moun ki rele l. 13 Men sa Bib la di, “Nenpòt moun ki rele nan non Senyè a[a] ap sove.”[b]

14 Men kijan pou yo envoke l si yo pa kwè nan li? Kòman pou yo rive kwè nan li san yo pa tande l? Kòman pou yo rive tande, si pa gen moun k ap preche?

Read full chapter

Footnotes

  1. 10:13 moun ki rele nan non Senyè a Sa vle di moun ki fè lafwa yo parèt aklè nan adorasyon y ap ofri l oubyen moun ki priye l pou mande l sekou.
  2. 10:13 Sitasyon sa a soti nan Jow 2:32. Gade tou nan Egz 2:23-25.