Add parallel Print Page Options

13 Men sa Bib la di, “Nenpòt moun ki rele nan non Senyè a[a] ap sove.”[b]

14 Men kijan pou yo envoke l si yo pa kwè nan li? Kòman pou yo rive kwè nan li san yo pa tande l? Kòman pou yo rive tande, si pa gen moun k ap preche? 15 Kòman pou fè gen moun k ap preche, si pèsòn pa voye yo? Dapre sa Pawòl Bondye di: “Ala bèl sa bèl, lè w wè moun k ap pote Levanjil la ap rive!”[c]

Read full chapter

Footnotes

  1. 10:13 moun ki rele nan non Senyè a Sa vle di moun ki fè lafwa yo parèt aklè nan adorasyon y ap ofri l oubyen moun ki priye l pou mande l sekou.
  2. 10:13 Sitasyon sa a soti nan Jow 2:32. Gade tou nan Egz 2:23-25.
  3. 10:15 Sitasyon sa a soti nan Eza 52:7.