Add parallel Print Page Options

16 Men, se pa yo tout ki obeyi sa Levanjil la di. Se poutèt sa Ezayi te di: “Senyè, ki moun ki kwè nan mesaj nou?”[a] 17 Konsa, lafwa vini lè nou tande Bòn Nouvèl la, epi nou tande Bòn Nouvèl la lè yon moun pale nou de Kris la.

18 Men mwen di, “moun Izrayèl yo pa vrèman tande sa, pa vre?” Men wi, yo tande l. Ou konnen sa pòsyon Pawòl Bondye sa a di:

“Yo tande vwa a gaye toupatou sou latè,
    mesaje yo rive tout kote nan lemonn.”[b]

Read full chapter

Footnotes

  1. 10:16 Sitasyon sa a soti nan Eza 53:1.
  2. 10:18 Sitasyon sa a soti nan Sòm 19:4.