Font Size
Women 10:17-19
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 10:17-19
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
17 Konsa, lafwa vini lè nou tande Bòn Nouvèl la, epi nou tande Bòn Nouvèl la lè yon moun pale nou de Kris la.
18 Men mwen di, “moun Izrayèl yo pa vrèman tande sa, pa vre?” Men wi, yo tande l. Ou konnen sa pòsyon Pawòl Bondye sa a di:
“Yo tande vwa a gaye toupatou sou latè,
mesaje yo rive tout kote nan lemonn.”[a]
19 Men m ap poze tèt mwen kesyon ankò, “moun pèp Izrayèl la pa t konprann sa, pa vre?” Wi, repons lan nan sa Bondye te gentan di anvan pa mwayen Moyiz:
“M ap sèvi ak moun ki pa yon vrè nasyon
pou m fè nou vin jalou.
M ap sèvi ak moun ki pa gen bon konprann
pou m fè nou fache.”[b]
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International