Add parallel Print Page Options

11 “Sa fè m ap mande, èske Bondye voye pèp li a jete?” Se pa sa ditou! Egzanp lavi pa m pwouve sa. An reyalite mwen menm, m se moun pèp Izrayèl la. M soti nan ras Abraram, m soti nan fanmi Benjamen. Bondye te chwazi Izrayèl pou pèp pa l anvan menm yo te fèt, li pa voye pèp la jete. Selon sa ki ekri nan Bib la, Eli te pote plent bay Bondye kont pèp Izrayèl la. Se sèten nou konnen sa l te di: “Senyè, yo touye pwofèt ou yo, yo kraze lotèl ou yo. M se sèl pwofèt ki rete vivan, epi men y ap chache touye m.”(A)

Read full chapter