Add parallel Print Page Options

13 M ap di nou sa, nou menm moun ki pa soti nan ras Jwif yo: Mwen se moun Bondye voye pale avè nou. M bay travay sa a anpil enpòtans. 14 M ta byen kontan fè moun ras jwif parèy mwen yo jalou pou m ta rive ede yo sove. 15 Si moun ki pa Jwif rive rekonsilye ak Bondye paske Bondye te mete pèp Jwif la sou kote, ki gwo bagay sa va ye lè Bondye va aksepte Jwif yo? Sa va sanble ak moun ki te mouri epi ki leve soti vivan nan lanmò?

Read full chapter