Add parallel Print Page Options

16 Dayè, si premye moso nan pat nou ofri bay Bondye a kòm premye pati nan rekòt la se yon bagay ki sen, alò tout rès pat la vin sen tou. Epi, si rasin yon pye bwa sen, branch yo sen tou.

17 Si kèk nan branch yo te koupe yo, epi si ou menm ki te yon pye olivye sovaj, yo te grefe w nan plas yo, si ou jwenn nan nouriti pye olivye a pran nan rasin li yo, 18 pa fè lwanj tèt ou pou w pa panse ou pi bon pase branch sa yo ki te koupe mete a kote. Si ou santi w fyè, pa bliye, se pa ou ki bay rasin yo manje, se rasin yo ki ba ou manje.

Read full chapter