Add parallel Print Page Options

Bondye te chwazi Izrayèl pou pèp pa l anvan menm yo te fèt, li pa voye pèp la jete. Selon sa ki ekri nan Bib la, Eli te pote plent bay Bondye kont pèp Izrayèl la. Se sèten nou konnen sa l te di: “Senyè, yo touye pwofèt ou yo, yo kraze lotèl ou yo. M se sèl pwofèt ki rete vivan, epi men y ap chache touye m.”(A) Men, ki repons Bondye te bay Eli? Men sa Bondye te di l: “M gen 7,000 moun de rezèv ki pa janm met ajenou devan zidòl ki rele Baal la.”(B)

Read full chapter