Add parallel Print Page Options

21 Paske, si Bondye pa prezève Jwif yo, yo menm ki se vrè branch yo, ou dwe fè atansyon, paske li p ap prezève w nonplis si ou sispann kwè.

22 Alò, gade: Bondye bon, men an menm tan li sevè. Li sevè ak moun ki tonbe yo, li bon pou ou menm, si ou kontinye kwè nan bonte li. Sinon, y ap debranche w menm jan ak yon branch bwa. 23 Men si yon jou, Jwif yo dakò pou yo kwè, y ap grefe yo ankò kote yo te ye anvan an. Paske Bondye gen pouvwa pou l refè sa ankò.

Read full chapter