Add parallel Print Page Options

24 Ou menm, ou te yon branch nan yon pye bwa sovaj. Yo te debranche w epi yo te grefe w sou yon bon pye bwa. Ka pa w la pa natirèl. Jwif yo, yo menm, yo soti nan bon pye bwa a. Alò, Bondye ap grefe yo fasil fasil ankò sou pye bwa sa a kote yo te soti a.

25 Frè ak sè, kretyen yo, verite sa a ap ede nou wè nou pa konnen tout bagay. Men sa ki verite a: Yon pati nan pèp Izrayèl la ap fè tèt di, jouk tan gen ase moun ki pa Jwif ki vin jwenn Bondye. 26 Konsa, tout moun ki nan pèp Izrayèl la ap sove, jan Pawòl Bondye di l la:

“Sovè a ap soti nan Siyon;
    L ap retire Izrayèl nan move zak l ap komèt yo.

Read full chapter