Add parallel Print Page Options

Men, ki repons Bondye te bay Eli? Men sa Bondye te di l: “M gen 7,000 moun de rezèv ki pa janm met ajenou devan zidòl ki rele Baal la.”[a]

Se menm bagay pou Izrayèl jodi a. Gen yon ti gwoup Izrayelit Bondye chwazi nan gras li ki rete fidèl. Si se nan gras li li chwazi yo, sa vle di se pa sou baz zèv yo te fè. Si l pa t konsa, nou pa t ap ka pale de gras.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:4 Sitasyon sa a soti nan I Wa 19:18.