Add parallel Print Page Options

Kisa sa vle di? Sa vle di: Pi fò pèp Izrayèl la pa jwenn sa yo t ap chache a. Men ti rès Izrayelit Bondye te chwazi yo te jwenn li. Men lòt yo, yo fèmen kè yo pou yo pa konprann. Se sa Bib la di:

“Bondye fè yo dòmi pou yo pa tande.”[a]
“Bondye bouche je yo pou yo pa wè,
    epi li bouche zòrèy yo pou fè yo pa ka tande.
    Sa kontinye jouk kounye a.”[b]

David deklare li menm tou:

“Tab kote y ap fete tounen yon pyèj pou yo, yon filè,
    yon kote ki fè yo fè bitay.
Se pou bon moman sa yo fè yo tonbe
    pou yo jwenn pinisyon yo merite.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:8 Sitasyon sa a soti nan Eza 29:10.
  2. 11:8 Sitasyon sa a soti nan Det 29:4.