Add parallel Print Page Options

David deklare li menm tou:

“Tab kote y ap fete tounen yon pyèj pou yo, yon filè,
    yon kote ki fè yo fè bitay.
Se pou bon moman sa yo fè yo tonbe
    pou yo jwenn pinisyon yo merite.
10 Se pou je yo bouche pou yo pa ka wè,
    se pou y ap koube do yo tout tan anba gwo chay lou ak sousi.”[a]

11 Konsa, m ap mande, lè pèp Bondye a pa koute l, èske sa detwi yo nèt? Se pa sa ditou! Men, bitay Jwif yo fè a fè moun ki pa Jwif yo jwenn delivrans Bondye bay la, poutèt pou Jwif yo ta vin jalou.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:10 Sitasyon sa a soti nan Sòm 69:22-23.