Add parallel Print Page Options

19 An n pa chache fè tèt nou jistis, byenneme. An n tann kòlè Bondye pito, paske Pawòl Bondye di: “Vanjans se pou mwen, se mwen k ap pini chak moun pou sa l fè.”[a] 20 Men,

“si lènmi w yo grangou,
    ba yo manje.
Si yo swaf,
    ba yo bwè.
Lè w fè sa, se yon pil chabon dife tou limen
    w ap sanble sou tèt yo.”[b]

21 Pa kite sa ki mal ranpòte laviktwa sou ou, fè sa ki byen pou w ka ranpòte laviktwa sou sa ki mal.

Read full chapter

Footnotes

  1. 12:19 Sitasyon sa a soti nan Det 32:35.
  2. 12:20 Sitasyon sa a soti nan Pwo 25:21, 22.