Add parallel Print Page Options

Si yon moun gen don pou rann sèvis, se pou l rann sèvis. Moun ki gen don pou l anseye, se pou l anseye. Moun ki gen don egzòte moun, se pou l fè sa. Gen moun ki gen don pou bay, se pou l fè l ak jenewozite. Moun ki gen don pou dirije, se pou l fè sa ak dilijans. Moun ki gen don pou l montre favè yo anvè malere yo, se pou yo fè sa ak kè kontan.

Lanmou nou gen youn pou lòt pa dwe gen ipokrizi ladan l. Se pou n rayi sa ki mal. Epi rete atache ak sa ki byen.

Read full chapter