Add parallel Print Page Options

11 Nou konnen nan ki tan n ap viv kounye a: Se lè pou n pa dòmi! Jou delivrans nou an pi pre kounye a pase lè nou te fenk kwè. 12 Nuit lan prèske fini. Li prèske jou. Alò, nou dwe sispann fè zèv yo fè nan fènwa yo. Nou dwe prepare nou pou n konbat sa ki mal ak zam limyè yo. 13 Nou dwe viv yon fason ki konvenab, sa vle di jan moun k ap viv nan limyè viv, san fè eksè nan manje, nan bwason. Nou pa dwe tonbe nan dezòd seksyèl oubyen nan poze aksyon ki fè moun wont. Nou pa dwe nan joure ni nan fè jalouzi.

Read full chapter