Add parallel Print Page Options

12 Nuit lan prèske fini. Li prèske jou. Alò, nou dwe sispann fè zèv yo fè nan fènwa yo. Nou dwe prepare nou pou n konbat sa ki mal ak zam limyè yo. 13 Nou dwe viv yon fason ki konvenab, sa vle di jan moun k ap viv nan limyè viv, san fè eksè nan manje, nan bwason. Nou pa dwe tonbe nan dezòd seksyèl oubyen nan poze aksyon ki fè moun wont. Nou pa dwe nan joure ni nan fè jalouzi. 14 Men, se pou n abiye nou ak Jezikri, Senyè nou an. Epi, pa chache reflechi sou kijan pou n satisfè dezi feblès lachè nou.

Read full chapter