Add parallel Print Page Options

Ou menm k ap kritike sèvitè yon lòt moun, kilès ou ye? Kit sèvitè sa a rete kanpe, kit li tonbe, se bagay ki gade mèt li. L ap rete kanpe, paske Senyè a gen pouvwa pou fè l kanpe.

Yon moun ka panse gen jou ki pi enpòtan pase lòt, yon lòt panse tout jou se menm. Chak moun dwe byen sèten sou sa l kwè nan pwòp lespri li. Yon moun ki fè diferans nan jou yo, se pou Senyè a li fè sa. Yon moun ki manje tout kalite manje, se pou Senyè a li fè l, paske li di Bondye mèsi. Moun ki pa manje tout bagay la, se pou Senyè a li fè sa, epi li menm tou, li di Bondye mèsi.

Read full chapter