Font Size
Women 14:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 14:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
9 Se poutèt sa, Kris te mouri epi li resisite, se pou l ka Senyè moun ki mouri ak moun ki vivan yo.
10 Alò, pou kisa w ap kritike yon frè w oubyen yon sè w? Epi pou kisa w ap meprize yo? Paske nou tout gen pou n parèt devan tribinal Kris la. 11 Paske Bib la di:
“Senyè a di, poutèt mwen vivan toutbon,
tout moun va mete ajenou devan m;
tout moun va di se Bondye mwen ye.”[a]
Footnotes
- 14:11 Sitasyon sa a soti nan Eza 45:23.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International