Add parallel Print Page Options

16 li fè m vin sèvitè Jezikri pami moun ki pa Jwif yo. Li mete m apa pou preche mesaj Levanjil li a. Konsa, moun ki pa Jwif yo ka tounen yon bon ofrann pou Bondye. Epi se Sentespri a ki fè ofrann gen valè nan je Bondye.

17 M fyè pou travay m fè pou Bondye paske m se moun Jezikri. 18 Epi, si m oze pale sou kèlkeswa bagay mwen fè, se sèlman pou m di sa Kris fè avè m kòm enstriman li. Li sèvi avè m pou l fè moun ki pa Jwif yo vin obeyi Bondye. Li fè yon seri bagay ekstrawòdinè ak pawòl ak aksyon mwen pa mwayen pouvwa Sentespri Bondye a

Read full chapter