Font Size
Women 15:26-28
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 15:26-28
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
26 Gen kèk nan yo ki pòv. Konsa, legliz kretyen Masedwàn ak Akayi yo te vle ede yo. Yo fè yon ofrann voye pou yo. 27 Yo te kontan fè sa. Se kòm si yo te gen yon dèt pou legliz nan Jerizalèm. Paske yo pa Jwif, epi yo te jwenn benediksyon espirityèl pa mwayen Jwif yo. Konsa, yo t ap sèvi ak benediksyon materyèl yo genyen pou yo ede Jwif yo. 28 M ap ale Jerizalèm pou m ka sèten pòv yo resevwa lajan yo te bay pou yo a.
Lè m fin fè sa, m ap pati pou m al an Espay epi m ap rete nan chemen pou m pase vizite nou.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International