Add parallel Print Page Options

Kris te fè sa tou pou moun ki pa Jwif yo te ka fè lwanj pou Bondye pou gras li anvè yo. Pawòl Bondye di:

“Se poutèt sa m va fè fèt pou di w mèsi pami moun lòt nasyon yo;
    Se poutèt sa m va di w mèsi.”[a]

10 Epi Bib la di ankò,

“Nou menm moun lòt nasyon yo,
    se pou n rejwi nou tou ak pèp Bondye a.”[b]

11 Bib la di ankò,

“Louwe Senyè a, nou menm moun lòt nasyon yo;
    Tout moun, chante pou fè lwanj Senyè a.”[c]

Read full chapter

Footnotes

  1. 15:9 Sitasyon sa a soti nan Sòm 18:49.
  2. 15:10 Sitasyon sa a soti nan Det 32:43.
  3. 15:11 Sitasyon sa a soti nan Sòm 117:1.