Add parallel Print Page Options

12 Moun ki konnen Lalwa Moyiz la ak sa yo ki pa menm tande pale de Lalwa, tout se menm bagay lè yo peche. Moun ki pa konnen Lalwa ap peri san Lalwa, sa yo ki konnen Lalwa ap jije epi y ap peri dapre Lalwa. 13 Tande lekti Lalwa moyiz la pa fè moun jis devan Bondye. Moun ki jis devan Bondye, se moun ki fè sa Lalwa mande.

14 Lè moun ki pa Jwif yo,[a] moun ki pa grandi ak Lalwa Moyiz la, fè sa Lalwa mande, yo se egzanp Lalwa, menm si yo pa genyen yon lwa ki ekri.

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:14 moun ki pa Jwif yo Yon lòt tradiksyon posib: “Lè moun ki pa Jwif yo, ki pa gen Lalwa, yo fè sa Lalwa mande yon fason natirèl, yo se lalwa pou tèt pa yo.”