Add parallel Print Page Options

13 Tande lekti Lalwa moyiz la pa fè moun jis devan Bondye. Moun ki jis devan Bondye, se moun ki fè sa Lalwa mande.

14 Lè moun ki pa Jwif yo,[a] moun ki pa grandi ak Lalwa Moyiz la, fè sa Lalwa mande, yo se egzanp Lalwa, menm si yo pa genyen yon lwa ki ekri. 15 Yo montre yo konnen nan kè yo sa ki bon ak sa ki mal, jan Lalwa mande sa, epi konsyans yo dakò ak sa. Men kèk fwa konsyans yo akize yo epi kèk fwa konsyans yo defann yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:14 moun ki pa Jwif yo Yon lòt tradiksyon posib: “Lè moun ki pa Jwif yo, ki pa gen Lalwa, yo fè sa Lalwa mande yon fason natirèl, yo se lalwa pou tèt pa yo.”