Add parallel Print Page Options

20 Ou panse w ka montre inyoran yo sa ki dwat. Epi w panse ou se pwofesè moun ki fenk ap aprann. Ou genyen Lalwa, epi poutèt sa, ou panse w konnen tout bagay epi ou genyen tout verite a. 21 Ou anseye lòt yo, men pou kisa w pa anseye pwòp tèt pa w? Ou di yo pou yo pa vòlè, men ou menm w ap vòlè. 22 Ou di yo pou yo pa fè adiltè, men ou menm ou fè menm peche sa a. Ou rayi zidòl, epi w ap vòlè zidòl nan tanp zidòl yo.

Read full chapter