Add parallel Print Page Options

Men, poutèt ou fè menm bagay ak moun ou kondane yo, ou konnen Bondye p ap manke pini w tou. Kòman ou ta panse pou w ta chape anba jijman Bondye? Ou ta dwe konprann Bondye bon epi li pasyan avèk ou anpil, l ap tann ki lè pou w chanje. Poutan, ou pa menm reflechi sou kijan pasyans li anpil. Epi ou pa rann ou kont si Bondye bon konsa anvè w, se pouse l ap pouse w pou w deside chanje lavi w.

Men ou derefize Konprann, ou pa vle chanje. Konsa, w ap prepare pwòp kondanasyon w. W ap jwenn kondanasyon w nan jou Bondye va montre kolè li a. Lè sa a, tout moun va wè Bondye gen rezon nan jijman li.

Read full chapter