Add parallel Print Page Options

Ou ta dwe konprann Bondye bon epi li pasyan avèk ou anpil, l ap tann ki lè pou w chanje. Poutan, ou pa menm reflechi sou kijan pasyans li anpil. Epi ou pa rann ou kont si Bondye bon konsa anvè w, se pouse l ap pouse w pou w deside chanje lavi w.

Men ou derefize Konprann, ou pa vle chanje. Konsa, w ap prepare pwòp kondanasyon w. W ap jwenn kondanasyon w nan jou Bondye va montre kolè li a. Lè sa a, tout moun va wè Bondye gen rezon nan jijman li. “Bondye ap rekonpanse oubyen pini chak moun selon sa l te fè.”[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:6 Sitasyon sa a soti nan Sòm 62:12 ak Pwo 24:12.