Font Size
Women 3:2-4
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 3:2-4
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Se vre, Jwif yo gen anpil avantaj. Men sa ki pi enpòtan an: Bondye konfye yo Pwomès li yo. 3 Se vre, kèk nan Jwif yo pa t fidèl ak Bondye. Men èske sa ap fè Bondye pa fidèl tou nan pwomès li? 4 Swa jamè! Menm si tout moun ta enfidèl nan sa yo te pwomèt, Bondye ap toujou fidèl, l ap toujou fè sa l te di. Jan Pawòl Bondye di l la:
“Yo va jwenn ou dwat nan sa w di.
Epi si yo ta akize w,
w ap genyen pwosè a.”[a]
Footnotes
- 3:4 Sitasyon sa a soti nan Sòm 51:4.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International