Add parallel Print Page Options

20 Poukisa? Se paske pratike sa Lalwa di pa fè okenn moun vin jis devan Bondye. Okontrè, Lalwa montre nou peche nou sèlman.

Kòman Bondye fè moun vin jis

21 Men kounye a, Bondye montre nou kijan li fidèl epi li jis. Se vre, lè Lalwa Moyiz la, ansanm ak pwofèt yo, yo te di sa gen pou rive, men fason li aji pa gen anyen pou wè ak Lalwa. 22 Fidelite Jezikris[a] fè nou konnen kijan Bondye bon epi fidèl. Sa a se pou tout moun ki mete konfyans yo nan li. M di tout moun, paske pou Bondye, tout moun se menm, li pa fè okenn diferans.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:22 Fidelite Jezikris Oubyen “pa mwayen lafwa nan Jezikri”.