Add parallel Print Page Options

Se vre, kèk nan Jwif yo pa t fidèl ak Bondye. Men èske sa ap fè Bondye pa fidèl tou nan pwomès li? Swa jamè! Menm si tout moun ta enfidèl nan sa yo te pwomèt, Bondye ap toujou fidèl, l ap toujou fè sa l te di. Jan Pawòl Bondye di l la:

“Yo va jwenn ou dwat nan sa w di.
    Epi si yo ta akize w,
    w ap genyen pwosè a.”[a]

Men kijan kèk moun panse: Lè nou fè sa ki mal, sa montre aklè kijan Bondye jis. Konsa, èske n ka di Bondye pa fè byen lè l pini nou?

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:4 Sitasyon sa a soti nan Sòm 51:4.