Add parallel Print Page Options

10 Ki lè sa te pase? Èske Bondye te aksepte Abraram anvan oubyen apre l te fin sikonsi? Bondye te aksepte l anvan l te sikonsi. 11 Abraram te vin sikonsi nan apre, pou montre Bondye te aksepte l. Sikonsizyon li se te yon prèv li te yon moun ki jis devan Bondye poutèt lafwa li, anvan l te sikonsi. Konsa, Abraram se papa tout moun ki kwè epi ki pa sikonsi. Yo kwè epi Bondye aksepte yo kòm moun ki jis devan li. 12 Abraram se papa moun ki sikonsi yo tou. Men se pa sikonsizyon yo a sèlman ki fè l papa yo. Li se papa yo si yo imite lafwa l te genyen anvan l te sikonsi a.

Read full chapter