Add parallel Print Page Options

16 Konsa, yon moun jwenn sa Bondye te pwomèt la, lè l gen lafwa. Se konsa sa ye pou pwomès la kapab yon kado vrèman vre. Epi si pwomès la se yon kado, lè sa a, se sèten tout desandan Abraram yo ap jwenn pwomès sa a. Pwomès la pa sèlman pou moun k ap viv anba Lalwa Moyiz la. Li pou tout moun k ap viv pa lafwa menm jan ak Abraram. Abraram se papa nou tout. 17 Se konsa Pawòl Bondye di: “M fè w vin papa yon anpil nasyon.”[a] Abraram te tande pwomès la, li te mete lafwa l nan Bondye. Se Bondye ki bay moun mouri yo lavi ankò epi li fè sa ki pa t egziste vin egziste.

18 Pa t gen okenn espwa pou Abraram te gen pitit, men Abraram te met konfyans li nan Bondye epi l te kontinye espere. Se poutèt sa, li vin papa yon anpil nasyon, jan Bondye te di l la: “W ap gen anpil desandan.”[b]

Read full chapter

Footnotes

  1. 4:17 Sitasyon sa a soti nan Jen 17:5 kote Bondye t ap pale ak Abraram.
  2. 4:18 Sitasyon sa a soti nan Jen 15:5.