Add parallel Print Page Options

17 Se konsa Pawòl Bondye di: “M fè w vin papa yon anpil nasyon.”[a] Abraram te tande pwomès la, li te mete lafwa l nan Bondye. Se Bondye ki bay moun mouri yo lavi ankò epi li fè sa ki pa t egziste vin egziste.

18 Pa t gen okenn espwa pou Abraram te gen pitit, men Abraram te met konfyans li nan Bondye epi l te kontinye espere. Se poutèt sa, li vin papa yon anpil nasyon, jan Bondye te di l la: “W ap gen anpil desandan.”[b] 19 Abraram te prèske gen santan, laj pou l te fè pitit la te gentan pase. Epi Sara pa t ka fè pitit tou. Abraram te byen konnen sa, men konfyans li nan Bondye pa t febli.

Read full chapter

Footnotes

  1. 4:17 Sitasyon sa a soti nan Jen 17:5 kote Bondye t ap pale ak Abraram.
  2. 4:18 Sitasyon sa a soti nan Jen 15:5.