Add parallel Print Page Options

19 Yon moun te dezobeyi Bondye, sa fè anpil moun vin peche. Men se menm jan an tou, yon moun obeyi Bondye epi anpil moun ap vin jis devan Bondye. 20 Lalwa te vini, li lakòz vin gen plis fason pou moun peche toujou. Men kote peche yo vin pi plis, gras Bondye monte pi plis toujou. 21 Peche sèvi ak lanmò pou l renye sou nou. Men kounye a, gras Bondye gen pouvwa sou peche ak lanmò poutèt jistis Bondye. Epi se sa ki ban nou lavi etènèl pa mwayen Jezikri, Senyè nou an.

Read full chapter