Font Size
Women 6:13-15
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 6:13-15
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
13 Nou pa dwe livre okenn pati nan kò nou bay peche pou l sèvi kòm yon enstriman pou fè sa ki mal. Okontrè, an n bay Bondye tèt nou tankou moun ki te mouri, epi k ap viv kounye a. An n ofri tout pati nan kò nou bay Bondye pou yo sèvi nan fè sa ki byen. 14 Peche p ap chèf nou ankò, paske nou pa anba Lalwa. N ap viv kounye a anba gras Bondye.
Esklav sa ki dwat
15 Kounye a, kisa n ta dwe fè? Èske nou ta mèt peche paske nou anba gras Bondye, nou pa anba Lalwa? Paditou!
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International