Add parallel Print Page Options

14 Peche p ap chèf nou ankò, paske nou pa anba Lalwa. N ap viv kounye a anba gras Bondye.

Esklav sa ki dwat

15 Kounye a, kisa n ta dwe fè? Èske nou ta mèt peche paske nou anba gras Bondye, nou pa anba Lalwa? Paditou! 16 Nou sipoze konnen lè yon moun lage kò l bay yon bagay pou l fè tout sa l vle avè l, li vin esklav bagay sa a. Nenpòt bagay oubyen nenpòt moun w ap swiv, se mèt ou li ye. Ou ka swiv peche, oubyen Bondye. Swiv peche mennen nan lanmò espirityèl, men lè w ap obeyi Bondye, ou vin jis devan li.

Read full chapter