Font Size
Women 6:19-21
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 6:19-21
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
19 M pran egzanp sa a nan lavi chak jou, paske nou bezwen èd pou n konprann bagay espirityèl yo. Nan tan pase, nou te lage kèk pati nan kò nou pou yo te tounen esklav imoralite ak move panse ki pouse moun tonbe nan peche. Sa te lakòz nou t ap viv nan dezobeyisans kont Bondye. Menm jan an tou, nou dwe livre tèt nou kòm esklav pou fè sa ki byen. Rezilta sa va bay se yon lavi ki sen.
20 Nan tan pase, nou te esklav peche, nou pa t menm panse fè sa ki byen. 21 Nou t ap fè sa ki mal, bagay ki fè nou wont jodi a. Kisa nou jwenn nan bagay sa yo? Anyen, yo sèlman pote lanmò.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International