Add parallel Print Page Options

12 Alò, Lalwa se yon bagay ki sen. Kòmannman an, li sen epi li bon. 13 Èske sa ta vle di yon bagay ki bon se lanmò li ta pote pou mwen? Pa ditou! Men peche sèvi ak yon bon kòmannman pou fè m mouri. Sa fè n konprann kijan peche se yon bagay ki tèrib toutbon. Li ka sèvi ak yon bon kòmannman pou bay yon rezilta ki montre kijan peche se yon move bagay.

Lavi sou Lalwa

14 Nou konnen Lalwa se yon bagay espirityèl. Men tout moun ki anba Lalwa ta dwe di: mwen fèb nan vi espirityèl mwen. Peche dirije m tankou esklav li.

Read full chapter